PhaEtty

About Us

🌴 Bon manje pa t janm sèlman manje nan fanmi nou; li se yon tradisyon ki pase de jenerasyon an jenerasyon. Depi mwen piti, mwen te konn gade manman m ap kwit manje ak tout lanmou li, paske pou li, manje se yon kado li ofri moun yo. Chak plat li prepare se te yon eksperyans ki fè tout moun di: “Sa se manje ki koupe dwèt!”

Lè mwen te pran plas li nan kwizin nan pou premye fwa, tout moun te sezi. Se lè sa a mwen te konprann verite a: chak moun gen kreyon ke yo né ak li e se manyel poul k fê gro bagay ak li .Pou mwen, kreyon sa a se kwizin nan—se lanmou pou prepare manje.

Se konsa vizyon mwen fèt: PhaEtty Caribbean Kitchen depi nan Peyi nou pote gou lakay Ayiti ak tout richès Karayib la isit nan Massachusetts depi bon bout tan. Nou la pou reponn bezwen moun ki fatige ak manje vit ki pa gen gou ni lanmou. Nan PhaEtty Caribbean Kitchen, chak plat fèt ak pasyon, tradisyon, ak respè pou rasin nou.

PhaEtty

Our Menu

Lendi

Lendi

$23.00
Griot pork | Bannann fri | Marinade Akra malanga | Pikliz | Kètchup
Madi

Madi

$25.00
Bannann peze ak sós vyann bèf Akra malanga | Marinad ak sòs piman | Salad
Mèkredi

Mèkredi

$40.00
Pwason bouyi ou fri ak bannann bouyi ou fri/ pwason nan sauce | Akra malanga
Jedi

Jedi

$22.00
Poulet fri ak bannann fri | Marinad Akra malanga pwa | Salad vèt
Vandredi

Vandredi

$26.00
Dinde ak bannann peze | Akra malanga | Pikliz
Samdi

Samdi

$26.00
Griot ak bannann fri | Marinad ak akra melanje | Salad macaroni
Dimanch

Dimanch

$30.00
Diri kole ak pwa vèt ak Djondjon, sòs pwason oubyen fri | taso kabrit bannann

PhaEtty

Why Choose Us

⭐ Poukisa Chwazi PhaEtty Caribbean Kitchen?

✅ Tradisyon Fanmi ak Lanmou nou mete nan Chak Plat
Nou pa kwit manje sèlman pou vann, nou prepare l avèk menm lanmou manman nou te konn mete pou fanmi an Chak bouché gen yon istwa li.

✅ Gou Natirèl ak Otantik
Nou pote bon gou peyi Ayiti ak Karayib la san okenn konpwomi. Engredyan yo fre, epis natif natal, ak resèt ki soti dirèk nan tradisyon.

✅ Altènativ a Fast Food
Nan yon mond kote anpil moun fatige ak manje rapid ki pa gen gou e ki se danje pou sante , nou pote yon chwa ki bon pou sante, nourisan, epi satisfè grangou nan vant ak mwen.

✅frechè ak Kalite
Nou kwè kliyan nou yo merite pi bon an. Se poutèt sa tout plat nou yo fèt ak engredyan premye klas, nan kondisyon ki respekte ijyèn ak estanda pwofesyonèl.

✅ Eksperyans Kiltirèl
Chak vizit lakay nou se yon ti vwayaj nan Karayib la. Ou pa jis manje, ou santi w konekte ak rasin yo.

PhaEtty

Our Testimonials

“Manje yo gen menm gou ak lakay! Chak fwa m’ manje la, m’ santi m’ tankou m’ retounen nan Karayib la. Sèvis lan vit e tout moun akeyan.”

English: “The food tastes just like home! Every time I heat here, I feel like I’m back in the Caribbean. The service is quick and everyone is welcoming.”

Marie J.

“PhaEtty Caribbean Kitchen se pi bon kote pou jwenn bon diri, pwason fri ak sòs piman natif natal. M’ rekòmande l’ bay tout moun!”

English: “PhaEtty Caribbean Kitchen is the best place for authentic rice, fried fish, and spicy Caribbean sauce. I highly recommend it to everyone!”

James P.

“Mwen te pran manje pou fèt fanmi m’, tout moun tèlman kontan ak gou a. Bon prezantasyon, bon sèvis, epi pri yo rezonab.”

English: “I ordered food for my family event, and everyone loved the taste. Great presentation, excellent service, and reasonable prices.”

Sandra L.

“Bon gou, bon jan kalite, ak anbyans fanmi. Se restoran mwen prefere depi premye fwa mwen eseye l’.”

English: “Delicious food, great quality, and a family-friendly vibe. This has been my favorite restaurant since the first time I tried it.”

Patrick E.